Printer-Friendly PDF Version
US Legal (8.5 x 14)
.pdf
Download Adobe Acrobat Reader

 

JOU JIJMAN!
An 21 Me 2011

hourglass

Epi yo p’at ba yo dwa pou touye moun sa a yo, men, pou toumante yo pandan senk mwa: epi touman yo te tankou touman eskòpyon ki mòde yon moun.  Revelasyon 9:5

LAFEN MONN
Sa a 21 Oktòb 2011


Vrè rezon ti brochi sa a se pou fè ou konnen gwo mache prese ki genyen kounyeya nan lemonn pou chak moun epi tout moun chache ranje zafè yo ak Bondye. Bib La se Pawòl Bondye Sen an ke l ye paske se Bondye Sen an menm ki te ekri’l. Tout sa Bib La deklare gen gwo pouvwa Bondye menm. Kounyeya, nan tan sa a, genyen anpil enfòmasyon ka’p sòti nan Bib La ki moutre byen clè ke Bondye fè wè konman Li pral fè moute nan syèl tout moun sa a yo ki vreman kwè nan Li epi konman monn sa a pral fini. Bib La louvri tout sekrè l yo sou kalandriye istwa monn sa a. Pa genyen pèsonn moun ki te janm konnen enfòmasyon sa a yo paske Bondye menm te kache Pawòl Li poutèt pou Li te ka pa kite pèsonn moun konnen detay sou lafen monn sa a. Nou li sou sa nan liv Danyèl:

Danyèl 12:9 Epi Li di, al fè wout ou, Danyel: paske pawòl sa a yo kache epi yo sele jouk lè lafen an.

Men, kounyeya nan jou sa a yo ke n’ap viv la, Bondye louvri Pawòl Li [ki se Bib La] pou Li fè konnen yon pil laverite sou lafen tan an ak yon pil lòt ansèyman ankò. Se konsa tou, nan menm chapit 12 liv Danyèl la, nou li:

Danyèl 12:4 Men ou menm, Danyel, fèmen pawòl sa a yo, epi sele liv la jouk lè lafen an: anpil moun pral kouri sou li, epi konesans pral vin grandi.

Bondye ap louvri Pawòl Li [Bib La] paske nou rive kounyeya nan lè kote lafen monn sa a preske rive. Se poutèt rezon sa a li parèt clè anpil pou moun sa a yo kap etidye Bib La ak anpil atansyon ke nan jou sa a yo ke n’ap viv la a, yo se dènye jou nan istwa latè. Paske vreman n’ap viv nan lafen tan an, Bondye ap fè pèp Li [sa vle di tout moun sa a yo ke li chwazi pou Li sove] konnen tout enfòmasyon sa a yo:

KALANDRIYE BIB LA SOU ISTWA MONN SA A

Senye a fè pèp Li [ki se tout moun ki kwè nan Li] konprann kalandriye Bib La ke nou jwenn nan Bib La menm. Tout zansèt yo ke nou jwenn nan liv Jenèz la, sitou nan chapit sink (5) ak onze (11) ka sèvi pou moutre exateman ke yo se kalandriye istwa ras lèzòm nan monn sa a. Kalandriye Bib La sou istwa linivè a li totalman exat epi li pa gen manti ladan l.

Paske se Bondye menm ki bay kalandriye Bib La, nou ka kwè l ak tout kè nou. Nan ti brochi tou kout sa a, nou pral pataje kèk rezilta ki soti direkteman nan kalandriye Bib La epi ki soti nan etid anpil pasaj nan Bib La. Men, tout pil enfòmasyon ki genyen kounyeya yo twòp anpil epi yo twòp konplike pou n ta ka mete tout detay yo nan ti brochi sa a. Men, nou kapab and nou pral bay kèk dat exat epi ke pèsonn moun pa ka di se manti yo ye. Nou ka kwè dat sa yo totalman paske yo soti direkteman nan Bib La. Se vre ke Ebiblefellowship pa genyen rapò ak ministè Radio Fanmi, men nou rekòmande ou anpil pou voye mande nan Radio Fanmi ti liv sa a ki rele “Nous y Sommes Presque…” Ou ka ekri Radio Fanmi nan adres sa a: Family Radio Stations, Inc, 290 Hegenberger Rd. Oakland, CA 94621. Ti liv sa a esplike nan detay ki lè anlèveman an ap rive epi ki lè lafen monn sa a ap rive tou. Ou ka jwenn ti liv sa a tou sou Intènèt nan: http://worldwide.familyradio.org/fr/).

KALANDRIYE BAGAY ENPÒTAN KI TE RIVE NAN LISTWA

[B.C vle di Anvan Jezikri te vinn fèt sou latè – A. D vle di Apre Jezikri te vinn fèt sou latè.]

11,013 B.C—Kreyasyon lemonn. Bondye te kreye lemonn ak lòm ki vle di Adan ak Ev.

4990 B.C—Gwo Inondasyon ki te rive nan tan Noe a [6023 lanne apre kreyasyon]. Tout sa ki te sou latè te peri nan gwo inondasyon an. Se te sèlman Noe, madanm li, epi twa (3) pitit gason l yo ak madanm yo chak kite te sove nan gwo batiman an.

7 B.C—Se te lanne Jezikri te fèt [11006 lanne apre kreyasyon].

33 A.D—Se te lanne Jezikri te kloure sou kwa a epi tan tout legliz yo to konmanse [sa te fè 11045 lanne apre kreyasyon, epi sa te fè 5023 lanne apre gwo inondasyon an].

1988 A.D—Se te nan lanne sa a ke tan ou byen epòk tout legliz yo te fini epi se te nan lanne sa a tou ke Gwo Tribilasyon ou byen Gwo Lafliksyon an te konmanse. Gwo Tribilasyon an se yon tan ki genyen pou l dire 23 lanne epi sa fè 13000 lanne depi kreyasyon.

1994 A.D—7 Septam, se te lè premye pati Gwo Tribilasyon an ki te gen pou’l dire 2300 jou te fini epi se lè tan ke Bib La rele “Dènye-Lapli” te konmanse. Tan “Dènye-Lapli” a se epòk kote Bondye ap sove yon pil moun nan lemonn men se pa nan okenn legliz, sa vle di se pa ak sa chèf legliz yo ap di. Lanne 1994 te fè 13006 lanne apre kreyasyon.

2011 A.D—21 Me, Jou Jijman an pral konmanse epi tout moun Bondye te chwazi pou Li sove yo pral leve moute nan syèl nan dènye jou 23 lanne Gwo Tribilasyon an. Jou ki pral 21 Oktòb, monn sa a pral detwi nèt ak dife. Jou sa a pral fè 7000 lanne apre inondasyon an epi tou se pral 13023 lanne apre kreyasyon.

YON JOU SE TANKOU MIL (1000) LANNE

Pitit Bondye tout bon vre yo aprann nan Bib La ke sa nou li nan Jenèz chapit 7 gen 2 esplikasyon:

Jenèz 7:4 Paske nan sèt (7) jou ankò, epi mwen pral fè lapli tonbe sou latè pendan karant (40) jou ak karant (40) nwit; epi tout bagay vivan mwen te kreye mwen pral detwi yo sou fas latè.

Nan istwa ki te rive vre, lè Bondye te pale pawòl sa a yo, te genyen sèt (7) jou ki te rete pou Noe, fanmi l ak tout bèt yo te antre nan batiman an pou yo te jwenn pwoteksyon. Men nan Lespri Bondye, (epi Bib La se yon liv ki pale sou Bondye ki se Lespri Sen) Bondye t’ap pale ak tout moun ki te genyen pou vin viv nan lemonn. Bondye t’ap deklare ba yo ke lòm pechè sou latè pral genyen sèt mil (7000) lanne pou yo jwenn refij ki nan Jezikri sèlman. Se sèl Jezikri ki ka ba yon moun pwoteksyon nan Jou Jijman an ki pral vini an. Konman nou ka konnen sa? Nou konnen se sa li ye poutèt sa nou li nan 2 Pyè chapit 3:

2 Pyè 3:6-8 Se ak bagay sa a yo ke monn sa a ki te la nan tan lontan, te vin inonde ak dlo, te detwi: Men syèl yo ak latè ki la kounyeya, dapre menm pawòl la yo rete ap tann, yo resève pou dife nan jou jijman an ak detriksyon tout mechan yo. Men, frè m yo ke m renmen, se pou nou pa inyoran sou yon bagay, sè ke yon jou pou Bondye se tankou mil (1000) lanne, epi mil (1000) lanne se tankou yon jou.

Nan sikonstans kote nou jwenn pawòl sa a yo ki ekri nan 2 Pyè chapit 3 enpòtan anpil! Nan vèsè anvan yo, Bondye pale sou detriksyon lemonn ak inondasyon nan tan Noe a. Apre sa nou jwenn yon gwo bel avètisman ke nou pa dwè yon “inyoran” sou li. Avètisman sa a se “ yon jou pou Bondye se tankou 1000 lanne, epi 1000 lanne se tankou yon jou. Touswit apre ti enfòmasyon sa a, nou jwenn detay clè sou lafen monn sa a ak dife.

Kisa Bondye ta vle ap di nou lè Li mete yon jou ak 1000 lanne?

Paske nou fèk sot dekouvri kalandriye istwa monn sa a nan Bib La, nou jwenn ke inondasyon nan tan Noe a te rive nan lanne 4990 B.C. Dat sa a exat anpil epi pou ou jwenn plis detay sou kalandriye istwa monn sa a, al sou sit Intènèt Radio Fanmi nan http://worldwide.familyradio.org/fr/). Se te nan lanne 4990 B.C ke Bondye te fè Noe konnen ke te genyen 7 jou anvan inondasyon dlo yo te vinn konmanse sou latè. Kounyeya, si nou mete 1000 pou chak grenn jou nan 7 jou ke Bondye te di Noe a, nou jwenn exateman 7000 lanne. Epi lè nou voye 7000 lanne nan yon dat ki pou vini apre lanne 4990 B.C, nou jwenn ke li tonbe nan lanne 2011 A.D.

   4990 + 2011 = 7000

[Lè ou adisyone yon lanne nan kalandriye Ansyan Testaman an ki se B.C. ak yon lanne nan kalandriye Nouvo Testaman an ki se A.D, ou dwè wete yon lanne paske pa genyen lanne zewo.]

   4990 + 2011 – 1 = 7000 an exateman.

Lanne 2011 A.D pral fè 7000 lanne apre gwo inondasyon dlo nan tan Noe a. Se pral lafen kantite tan ki se 7000 lanne Bondye te ba lèzòm pou yo jwenn pwoteksyon ou byen lagras nan je Li. Sa vle di ke tan pou chache refij nan Senyè Jezikri vinn vreman kout. Nou rete sèlman yon ti bout tan ankò pou nou rive nan lanne 2011 A.D!

Se pa yon bagay ki ra pou Bondye ba pèp Li ki se moun ki kwè nan Li yo yon apèsi sou ki lè lafen monn sa a pral rive. Vreman, Bib la di nou ke se konsa sa ye, Bondye toujou fè moun Li yo konnen. Nan tan pase, Bondye te avèti moun ki kwè nan Li tout gwo tan jijman ki pral vini:

Amòs 3:7 Asireman Bondye Senyè a pa pral fè anyen, men Li fè konnen sekrè l ba moun sa yo k’ap sèvi Li pwofèt yo.

Ebre 11:7 Ak lafwa Noe, Bondye te fè l konnen davans bagay ke moun pot ko janm wè, pouse ak pè, li pare yon batiman pou’l te ka sove fanmi’l; se konsa li kondannen lemonn, epi li vin tounen eritye dwati a ki se lafwa.

JOU JIJMAN AN: 21 ME 2011

Nou konnen lanne 2011 fè exateman 7000 lanne depi gwo inondasyon dlo yo te rive. Nou konnen tou Bondye pral detwi monn sa a nan menm lanne 2011 ki pral vini an. Men, se ki lè nan lanne 2011 sa pral rive?

Repons lan fè n sezi anpil. Ann gade ankò istwa gwo inondasyon dlo a ke nou jwenn nan liv Jenèz:

Jenèz 7:11 Nan jou ki te fè Noe sisan zan (600 lanne), nan dezyèm (2ème) mwa, nan disètyèm (17ème) jou nan mwa a, nan jou sa a menm tout fonten gwo twou fon yo te kraze, epi tout fenèt syèl la yo te vinn louvri.

Bondye te rete kenbe pawòl Li, epi Li te fè gwo inondasyon dlo a 7 jou pita ki te nan disetyèm (17èm) jou, nan dezièm (2èm) mwa nan lanne sisantyèm (600ème) nan kalandriye ki te ranje dapre longè lavi Noe. Se te nan disetyem jou sa a epi dezyèm mwa a ke Bondye te fèmen pòt batiman an, konsa Li te ba moun ki te ladan l yo pwoteksyon epi tou Li te sele sak ta pral rive ak tout moun ki te nan lemonn ki te deyò batiman an. Yo tout ta pral asireman peri nan gwo kalamite sa a ki te sou tout lemon.

Jenèz 7:16,17 Epi sa yo ki te antre andan an, te antre mal ak fenmèl pou tout bèt vivan, nan Bondye te ba li lòd: epi Bondye fèmen l andan. Epi pendan karant (40) jou inondasyon an te sou latè; epi dlo yo te grandi, epi leve batiman an, epi li te leve anwo sou tè.

Talè a, nou te di tan legliz yo vinn fini nan lanne 1988 A.D. Tan ou byen epòk legliz yo te konmanse nan jou “Lapannkòt” la ki se te 22 Me nan lanne 33.A.D. Epi 1955 lanne pita, epòk tout legliz yo te vinn fini nan 21 me 1988 ki te yon jou anvan jou “Lapannkòt” nan menm lanne 1988.

Bib La anseye ke lafen epòk legliz yo te gen pou l rive ansanm ak konmansman epòk Gwo Tribilasyon an:

Matye 24 :21 Paske tou pral genyen gwo Tribilasyon, tankou p’at janm genyen depi nan konmansman monn sa a jouk kounyeya, non, p’ap janm gen yon lòt tankou l ankò.

Nan 21 Me 1988, Bondye te sispann travay avèk tout legliz ak kongregasyon yo nan tout lemonn. Lespri Bondye soti kite tout legliz yo epi Satan, ki se lòm peche a, vinn antre nan legliz yo pou l dirije nan tan nou ye kounyeya. Bib La anseye nou epòk jijman tèrib sa a sou ligliz yo gen pou l dire 23 lanne. Yon 23 zan konplèt ki se tou 8400 jou ki te konmanse nan 21 Me 1988 jouk rive 21 Me 2011. Gwo enfòmasyon sa a te dekouvri nan Bib La totalman andeyò enfòmasyon sou sèt mil (7000) lanne konmanse nan lanne gwo inondasyon dlo a. Konsa, nou wè ke tout 23 lanne epòk Gwo Tribilasyon an vinn fini nan 21 Me 2011. Dat sa a se jou dirèk ke Gwo Tribilasyon an fini epi se li menm tou ki parèt pou jou exat lè gwo Inondasyon dlo nan tan Noe a ta vinn rive.

Chonje byen Bondye te fèmen pòt batiman an nan disetyèm (17èm) jou epi nan dezyèm (2èm) mwa kalandriye nan tan Noe a. Nou jwenn tou ke 21 Me 2011 se lafen epòk Gwo tribilasyon an. Genyen yon gwo rapò ant dezyèm (2èm) mwa epi disetyèm (17èm) jou nan kalandriye tan Noe a avèk dat 21 Me 2011 nan kalandriye nou ap viv kounyeya. Nou pakab wè gwo rapò sa a byen vit si nou pa dekouvri ke genyen yon lòt kalandriye ke nou dwè etidyé ak anpil atansyon tou. Lòt kalandriye sa a se kalandriye ki nan Bib La ki rele tou “kalandriye Ebrayik” la. Nou jwenn ke 21 Me 2011 tou se disetyèm jou epi dezyèm mwa nan kalandriye Ebre a. Ak sa, Bondye ban nou yon gwo prèv ke nou konprann byen tout bagay ki te rive pendan 7000 lanne lè inondasyon an. 21 Me 2011 se menm bagay ak dat lè Bondye te fèmen pòt batiman Noe a. Ak verite sa a epi ak anpil lòt enfòmasyon ankò, nou jwenn ke 21 Me 2011 asireman pral jou kote Bondye pral pran moute nan syèl tout moun ki kwè nan Li vre. 21 Me 2011 pral jou kote Bondye pral fèmen pòt pou yon moun ta ka vinn sove nan lemonn.

Nou ka di yon lòt jan, lè nou jwenn epòk Gwo Tribilasyon an fini nan yon jou ki gen rapò ak disetyèm (17èm) jou nan dezyèm (2èm) mwa nan kalandriye nan tan Noe a, Bondye ban nou yon gwo prèv ke se nan jou sa a tou Li gen pou Li fèmen pou toutan pòt pou antre nan syèl:

Jan 10:9 Se mwen menm ki pòt la, moun ki pase nan mwen pou antre, li pral sove, epi li pral antre epi sòti, epi li jwenn manje pou l manje.

Bib La clè anpil ke Jezikri se sèl chemen pou nou ale nan syèl. Li se sèl pòt pou nou antre nan bel Peyi Wa a ki nan syèl la epi ki plen lwanj:

Travay 4:12 Pa genyen delivrans nan okenn lòt: paske pa genyen okenn lòt non anba syèl la [sou latè] ki te bay nan mitan lèzòm, nan li nou dwè sove.

Depi pòt la ki se Jezikri menm fèmen nan lè tout moun ki kwè vre moute nan syèl, pa gen delivrans ankò ki posib sou tè a:

Revelasyon 3:7 Bagay sa a yo ke Li menm ki Sen an, Li menm ki se verite, Li menm ki genyen kle wa David la, Li menm lè Li louvri, epi pèsonn pa ka fèmen; epi lè Li fèmen, epi pèsonn pa ka louvri;

Bib La aprann nou ke nan 21 Me 2011 se sèlman moun ki kwè vre, moun ke Bondye menm te chwazi pou Li sove, se moun sa a yo ki pral moute nan syèl pou y’al kontre Senyè a anlè kote yo pral rete ak Senyè a pou toutan:

1 Tesalonisyen 4:16,17 Paske Senyè a menm pral desann sot nan syèl ak yon bri, ak vwa chèf zanj yo, epi ak son klewon/twonpèt Bondye a: epi moun ki te kwè nan Kris la lè yo te mouri pral leve sòti vivan an premye: Apre sa, nou menm ki va vivan toujou epi la lè sa a pral moute ansanm ak yo nan nyaj yo, pou n’al kontre Senyè a anlè: epi se konsa nou pral ansanm ak Senyè a pou toutan.

Tout pil res moun ki pa moute yo (se pral bilyon moun) pral rete dèyè pou yo soufri sou tè a nan yon jan ki terib anpil pendan yon epòk ki pral dire sink (5) mwa:

Revelasyon 9:3-5 Epi krikèt vèt te sòti nan lafimen sou tè a: epi yo te ba yo pouvwa, tankou eskòpyon sou latè yo te gen pouvwa. Epi yo te ba yo lòd pou p’at fè sa ki mal sou zèb ki sou latè, ni sou okenn bagay ki genyen koulè vèt, ni okenn pyebwa; men selman sou moun sa a yo ki p’at genyen mak letanp Bondye a sou fwon yo. Epi yo p’at ba yo dwa pou touye moun sa a yo, men pou yo toumante yo pendan senk (5) mwa: epi touman yo te tankou touman eskòpyon ki mòde yon moun.

LAFEN MONN SA A: 21 OKTÒB 2011

Poutèt Bondye gen favè epi Li gen gwo pitye, Li ban nou avètisman davans sou kisa Li pare pou Li fè. Nan Jou Jijman an ki se 21 Me 2011 pral konmansman epòk 5 mwa ki terib anpil lè tout moun ki sou tè a pral toumante anpil. Se pral jou sa a Bondye pral fè leve sòti anba tè tout moun ki te mouri. Anpil gwo tranblemanntè pral ravaje tout lemonn paske latè pa pral kapab kache kadav li yo (Ezayi 26:21). Moun ki te sove anvan yo te mouri pral leve vivan nan yon nouvo kò epi touswit yo pral kite monn sa a pou y’al rete ak Bondye nan syèl la pou toutan. Moun sa a yo ki p’at sove anvan yo te mouri pral leve tou men se selman pou kò yo ki pa vivan ka gaye sou tout latè. Pral genyen kadav moun mouri toupatou sou latè. Senyè a tou mete gwo enpòtans sou senk (5) mwa destriksyon terib sa a yo nan dènye vèsè liv Jenèz nan chapit 7:

Jenèz 7:24 Epi dlo yo te rete sou tè a pendan sansenkant (150) jou.

Senk (5) mwa apre 21 Me 2011 se pral 21 Oktòb 2011. Nou vin jwenn ke 21 Oktòb 2011 tou se dènye jou nan Fèt Tabènak nan Bib La. Fèt sa a te konn fète ansanm ak Fèt Rekòt nan fen lanne a. Fèt Tabènak fète nan setyèm (7èm) mwa nan kalandriye Ebre a. Jan Bondye pale sou Fèt sa a nan Bib La gen anpil enpòtans:

Egzòd 23:16 Epi fèt mwason premye rekòt travay nou yo, ke nou te simen nan jaden : epi fèt dènye rekòt la, ki se nan fen lanne a, lè w’a fin ranmase rekòlte nan jaden nou yo.

Egzòd 34:22 Epi w’a fete fèt Senmenn yo, nan premye rekòt grap ble , epi fèt Rekòt la nan fen lanne a.

Fèt Joupa ou byen fèt Tabènak la rele tou “Fèt mwason” ou byen fèt rekòt te dwè fete nan “fen lanne a” menm lè yo te konn fete l nan setyèm (7èm) mwa kalandriye Ebre a ki pat fen lanne a vre. Men, rezon vre ki fè yo te fete fèt la nan setyèm (7èm) mwa se paske akonplisman ou byen aboutisman espirityèl fèt sa a se lafen monn sa a. Dat 21 Oktòb 2011 se pral dènye jou nan “Fèt Joupa” ou byen “Fèt Tabènak” epi se pral tou dènye jou nan istwa latè. Bib La esplike sak pral rive nan jou 21 Oktòb 2011 nan pasaj sa a yo:

2 Pyè 3:10 Men jou Senyè a pral vini tankou yon vòlò nan mitan lannwit: lè sa syèl yo pral disparèt ak yon gwo gwo bri, epi tout bagay pral fonn nèt ak gwo dife cho, latè tou ak tout bagay ki ladan’l pral boule.

Ansanm ak tout monn sa a avèk linivè a, tout moun ki te fè peche kont Bondye epi ki p’at leve moute nan syèl epi ki te rete dèyè menn jan an pral boule ak dife epi konsa tou detwi nèt pou toutan:

2 Tesalonisyen 1:8,9 Nan mitan flanm dife pou Li vanje tout moun ki pa konn Bondye, epi ansanm ak moun ki pa obeyi Levanjil Jezikri a, Senyè nou an: moun sa yo pral pini ak destriksyon kote yo pral disparèt pou toutan devan je Senyè a, epi devan lwanj pouvwa Li.

Nan jou 21 Oktòb 2011, Bondye pral detwi totalman kreyasyon sa a ansanm ak tout moun ke Senyè Jezikri p’at janm sove. Peman terib pou tout rebelyon avèk peche yo fè kont Bondye Sen an pral fini lè yo pèdi lavi ki p’ap janm fini an. Nan jou 21 Oktòb 2011 sa a, tout pòv malere sa a yo pral sispann viv pou toutan. Se pral tris anpil pou tout moun sa a yo ki te kreye nan imaj ou byen pòtrè Bondye men yo tout pral mouri tankou zannimo epi detwi pou toutan:

Sòm 49:12 Men moun ki gen anpil respè gen pou l mouri; li tankou zannimo yo k’ap peri.

Gen plis toujou pou nou esplike. Men tanpri zanmi, tande byen gwo avètisman sa a: “Lè pou ou ka sove anba kòlè ak vanjans Bondye a ap mache byen vit pou l fini.” Bondye te ba monn sa a 7000 mil lanne konmanse depi gwo inondasyon Noe a, epi kounyeya genyen selman kèk jou ki rete ankò anvan nou rive nan 21 Me 2011. Anvan nou bat je nou, n’ap rive nan jou sa a epi tan an pral fini. Ti res grenn sab ki rete nan foto sabliye nou wè anwo a preske ale epi fini pou toutan. Menm lè pa genyen anpil tan ki rete, granmèsi Bondye genyen toujou gwo espwa pou nenpòt moun ka vinn sove jodi a:

2 Korent 6:2 Paske Bondye te di, Mwen te tande ou lò lè a te rive, epi Mwen te pote ou sekou lè jou delivrans lan te rive: Enben, kounyeya se lè; wi, kounyeya se jou pou delivrans.

Li pa pran anpil tan di tou pou Bondye sove yon moun. Malfektè ki te sou kwa a ak Jezi te gen yon lavi plen ak peche men li te vinn sove nan dènye moman nan lavi l anvan te li mouri:

Lik 23:42,43 Epi li di Jezi, Senyè, chonje m lè w’a vinn pran gouvènman an nan men ou. Epi Jezi di li, se vre wi Mwen di ou, Jodi a ou pral avè m nan paradi.

Lapriyè nou se pou ou resevwa brochi sa a nan yon lespri ki vreman gen traka epi ki sensè paske se nan menm lespri sa a tou nou ba ou brochi sa a nan gwo lespwa Bondye ta sove ou anvan li vinn twòta. Lè ou ap li ti brochi sa a, tanpri souple reflechi anpil sou tout vèsè sa a yo ki sòti nan Bib la paske se Pawòl Bondye yo ye. Paske yo se Pawòl Bondye, konsa tou yo genyen pouvwa ak otorite total. Se selman lè nou ap li Pawòl Bondye genyen espwa pou n t’a vinn sove. Se kounyeya ke pòt syèl la [ki se Jezikri menn] louvri. Bib la di nou se kounyeya Bondye ap sove yon gwo pil moun toupatou nan lemonn men se pa nan okenn legliz ou byen okenn relijion:

Revelasyon 7:9,13,14 sa, mwen gade, epi mwen wè yon gwo foul moun, pèsonn pa t' kapab konte kantite ki te genyen ladan l, se te moun tout lòt nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang, yo te kanpe la devan fòtèy la, ak devan ti Mouton an, yo te genyen rad tou blan sou yo, epi yo te genyen fèy palmis nan men yo…Epi yonn nan granmoun yo reponn, li di m, ki moun sa a yo ki gen rad tou blan sou yo a? epi ki bò yo sòti? Epi mwen di l, Mesyè, se ou menn ki konnen. Epi li di mwen, moun sa a yo sòti nan gwo tribilasyon, epi yo te lave rad yo, epi blanchi yo nan san ti Mouton an.

Bondye sove yon moun lè moun sa a ap tande Pawòl Bondye ki se Bib la sèlman epi pa genyen okenn lòt jan ankò:

Women 10:17 Konsa, konfyans vini lè ou tande, epi tande se pa mwayen pawòl Bondye a.

Li Bib la anpil ak tout fanmi ou (sitou ti moun yo) epi pendan w’ap li Bil la, lapriyè pou Bondye ta gen pitye pou ou. Lapriyè ba Bondye ki genyen apil pitye epi ak favè dapre sa nou wè nan Bib la petèt Li ta delivre ou anba gwo destriksyon ki pral vini an. Nou aprann yon ti detay sou gwo konpasyon Bondye nan liv Jonas. Bondye te bay moun lavil Niniv yo tou avètisman davans sou gwo destrkisyon ki ta pral vini sou lavil yo a:

Jonas 3:4-9 Epi Jonas konmanse antre nan lavil la, li fè yon jounen ap mache, epi li pran pale, epi li di, Nan karant jou [40 jou] tout lavil Niviv la pral detwi. Konsa tout moun lavil Niniv yo te kwè Bondye, epi bay lòd pou moun rete san manje, epi pou yo mete rad sak sou yo, konmanse depi nan pi grannèg jouk nan pi malere. Paske pawòl la vinn jwenn wa Niniv la, epi li leve sou fòtèy li a, epi li wete rob ki te sou li a, epi li kouvri kò li ak rad sak, epi li chita nan sann dife. Epi li voye fè yon piblikasyon nan tout Niniv ak lòd wa a ak lòt chèf li yo , li di, Pa kite ni moun ni bèt, bèf ni mouton, goute anyen: pa kite yo manje, ni bwè dlo: Men se pou tout moun ak bèt kouvri kò yo ak rad sak, epi kriye ak anpil fòs ba Bondye: wi, se pou yo chak vire do ba move zak, epi vire do ba vyolans ki nan men yo. Ki moun ki ka di si Bondye pa pral vire epi repanti, epi vire tounen nan gwo kolè Li, pou nou pa peri?

Bondye p’at detwi moun nan lavil Niniv yo. Menn lè pa genyen okenn mwayen Bondye pral chanje lide Li pou Li pa ta detwi lemonn nan 21 Oktòb 2011, nou ka wè nan jan Li te aji ak moun lavil Niniv ke Bondye genyen anpil kè sansib epi Li plen pitye. Sa ta dwè ankouraje chak nan nou pou n ale nan pyè Bondye epi mande Li pou li genyen gwo pitye pou nou.

Sòm 86:15,16 Men ou menm, Senyè ou se yon Bondye ki plen pitye, epi bon kè, ou pa fasil fè kòlè, epi ou genyen anpil pitye ak laverite. O tounen fas ou sou mwen, epi gen pitye pou mwen;…

 

Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou sit Intènèt:

www.ebiblefellowship.com

Pou tande pwògram Ebiblefellowship an dirèk sou Intènèt, visite sit la epi swiv direksyon Paltalk ki gratis yo. Ou ka rele Ebiblefellowship nan 1-877-897-6222 (sèlman si ou nan USA).

Ou ka kite yon mesaj ou byen mande yon kèsyon nan:

www.ebiblefellowship.com/contactus .

Ou ka ekri nou nan adres sa a:

EBible Fellowship, P.O. Box 1393, Sharon Hill, PA 19079 USA

Ebiblefellowship se yon ministè kretyen ki pale sou Bib La sèlman epi li pa gen rapò ak okenn legliz.

May21_2009.08.10-HT